Reklamasyon azil nan Kanada
Azil vle di tou pwoteksyon, e “mande azil” vle di ke ou ap mande pwoteksyon kòm refijye.
Sistèm azil Kanada a ede moun ki kouri kite peyi yo akoz bonjan pèsekisyon. Sa vle di ke kèk moun kapab mande azil kòm refijye si y ap an danje lè yo retounen nan peyi yo.
Mande azil pa garanti ke w ap ka rete nan Kanada. Se pa yon ti paskout pou w evite tout règleman imigrasyon yo. Chache konnen sa w dwe konnen avan ou pran yon gran desizyon konsa.
Nan Paj sa a, w ap jwenn
Kiyès ki ka mande pwoteksyon kòm refijye
Ou ka mande pwoteksyon kòm refijye si w ka pwouve ke si w retounen nan peyi ou, ou ap an danje, ou ka jwenn tòti fizik, ou ka jwennn risk pou lavi w ak move trètman osnon pinisman kriyèl.
Yon refijye diferan de yon imigran. Yon imigran chwazi etabli nèt nan yon lòt peyi. Men refijye a se oblije li oblije kouri pran lafwit pou sekirite li.
Sistèm Azil Kanada a
Chache konnen tout enfòmasyon sou sistèm azil Kanada a avan ou mete lavi w arisk.
- Sistèm azil la se pa yon fasyon pou w ale pi vit nan imigrasyon Kanada.
- Nou pa otomatikman aksepte tout demann azil yo.
- Moun ki fè demann azil pase anba anpil verifikasyon.
- Pèsonn pa ka bay garanti ke demann azil ou a ap aksepte. Si yo refize l, y ap fè w kite peyi Kanada.
- Si w bezwen yon djòb stab ak pibon edikasyon pou pitit ou, se pa yon rezon pou w mande azil.
Si nou jwenn ke ou pa bezwen pwoteksyon nan men Kanada, n ap fè w kite peyi a.
Konnen risk yo
Pa met konfyans ou nan moun oubyen ajans ki mande w lajan pou l ka fè w rive Kanada. Yo kapab danjere e menm mete lavi w arisk.
Fè atansyon ak moun k ap bay move enfòmasyon sou azil nan Kanada. Demann azil pa otomatikman aksepte e pèsonn pa kab garanti ke demann azil ou va apwouve.
Pa pran risk sou baz fo pwomès ak manti yon moun ba w.
Yon fo demann azil kapab gen grav konsekans :
- Ou ka bani pou w pa janm retounen nan Kanada ankò.
- Fanmi ou gendwa pa ka vini nan Kanada alavni.
Ou dwe rantre Kanada swa pa fwontyè, pa ayewopò oubyen sou pòdantre. Rantre nan Kanada pa lòt mwayen ke rantre ofisyèl yo kapab trè riske e menm danjere, e lalwa kont sa.
Demann azil
Se yon pwosesis serye e trè sevè ki va detèmine si ou gen bonjan rezon pou w jwenn azil nan Kanada selon lalwa kanadyen ak lalwa entènasyonal. Sistèm nou an chita sou règleman, e se li ki va deside si demann ou an valab. Li enpòtan pou w konprann ke se pa tout demann yo ki va aksepte.
Si wap fè demann azil nan Kanada, ou va bezwen :
- Fè tchèkòp sante, verifikasyon dosye kriminèl ou, dosye sekirite ak lòt tchèkòp ankò.
- Fè egzamen medikal.
- Bay enfòmasyon pèsonèl ou ak byometrik tankou anprent ak foto.
- Bay prèv klè ke w ap sibi pèsekisyon e ke ou gen risk nan peyi ou.
- Deklare nan aplikasyon ou an si ou genyen yon reprezantan, e menm si w ap peye li.
Si ou bay fo enfòmasyon nan aplikasyon ou an, sa konsidere kòm manti, e yo ka refize aplikasyon ou an.
Si ou rantre Kanada, soti Etazini (USA), ou pa elijib pou w mande azil e yo va retounen ou Ozetazini. SelonAkò sou peyi an sekirite (ETPS an franse) ki genyen ant Kanada ak Etazini, ou dwe mande azil nan premye peyi kote ou antre a, ou pa ka janbe al nan lòt peyi a pou w fè demann azil.
N ap retire w nan Kanada, si demann ou an pa lejitim oubyen si ou pa elijib pou w fè yon demann azil nan Kanada. Sa ka pran anpil tan pou yon desizyon final sou demann azil ou a. Pagen okenn garanti ke y ap pèmèt ou rete nan Kanada.
Jwenn enfòmasyon sou lòt wout ak mwayen pou imigre Kanada
Gen diferan mwayen legal yon moun ka vini nan Kanada pou l viv(opens in a new tab) , travay(opens in a new tab) oubyen etidye(opens in a new tab) . Rete enfòme.
Page details
- Date modified: